Afleveringen
-
Chanjman souvan sanble yon misyon difisil, menm lè nou konnen li nesesè. Nan epizòd sa a nan "Mwen se yon aktè chanjman", nou pral eksplore rezon ki fè chanjman tèlman difisil, kit li nan lavi pèsonèl ou oswa nan kominote w. Nou pral diskite sou rezistans natirèl moun genyen devan chanjman, lakrent ak enklizyon sosyal, epi nou pral bay estrateji pou venk baryè sa yo. Aprann kòman ou ka navige difikilte yo pou w fè transfòmasyon reyisi.
Kontakte nou:Sit entènèt: www.bousiko.org
-
Nan epizòd sa a nan "Mwen se yon aktè chanjman", nou ap eksplore fason ou menm ka fè yon diferans pozitif nan kominote w. Nou pale de premye etap yo pou idantifye pwoblèm ak bezwen yo, devlope yon vizyon klè, kolabore ak lòt moun, epi ranfòse kapasite kominotè a. Kèlkeswa wòl ou, ou gen pouvwa pou pote chanjman. Tande epizòd la pou dekouvri kòman ou ka pran aksyon ak fè kominote w pi solid ak pi rezistan!
Kontakte mwen:
Sit entènèt: https://bousiko.org
Ret swiv nou pou plis epizòd k ap enspire ou! -
Zijn er afleveringen die ontbreken?
-
Nan epizòd sa a, n ap pale sou kijan w ka dekouvri misyon w nan lavi a, yon etap esansyèl pou vin yon aktè chanjman nan kominote w. Bondye kreye nou ak yon objektif espesyal, epi lè w konprann sa, w ap kapab lanse pwojè ki gen yon gwo enpak sosyal, kit li se yon inisyativ asosiyatif oswa yon antrepriz sosyal.
Ou santi w gen yon apèl pou fè yon diferans nan kominote w, men ou pa konnen ki kote pou w kòmanse? Pa enkyete! Mwen la pou akonpanye w chak etap nan kreyasyon ak lansman pwojè w yo. Mwen ofri sèvis konplè ki gen ladan: konsèy pou antreprenarya sosyal, dizay vizyèl, ak akonpayman pèsonalize pou w ka reyisi ak vizyon w.
Ou ka jwenn mwen sou plizyè rezo sosyal pou plis detay epi pou konekte avè m:
- YouTube : https://www.youtube.com/@jbousiko
-Facebook: https://facebook.com/jbousiko
- Instagram: https://instagram.com/jbousiko
-Telegram: https://t.me/jbousiko
- Sit wèb mwen: https://bousiko.org
Pa ezite kontakte m pou jwenn èd nan devlope pwojè ou! Ansanm, nou ka kreye yon chanjman dirab. -
Nan nimewo entwodiksyon sa mwen pale ak ou de sa n ap genyen pou nou pataje kòm kontni nan pòdkas sila a.
vizite sitwèb mwen an: bousiko.org
-
Emisyon pódkas sa a prezante yon leson senp: "Gen bagay ou vle genyen, ou dwe aksepte abandone sa w gen nan men w deja".
Se pa rezolisyon ki fasil, men ki endispansab pou nou vanse nan lavi a.
Plis detay, koute pòdkas la a.
Fòmasyon gratis
https://bit.ly/idefomasyon
https://bit.ly/aktechanjman
https://bit.ly/idebiznis
An nou kenbe kontak
Whatsapp: https://wa.me/50947145896
Facebook: https://facebook.com/jeanbernard.coach
Instagram: https://instagram.com/jeanbernard.coach -
Ou souvan poze tèt ou kesyon sou egzistans ou ak rezondèt ou?
Se yon kesyon tout moun poze. Genyen anpil repons, yo pa toujou bon nan satisfezan.
Nan pòdkas sa a, mwen prezante w 3 repons nou moun souvan bay ak kesyon egzistansyèl sa a ki pa korèk.
Mwen prezante w tou se lon vizyon pa mwen veritab rezondèt nou chak sou latè.
Koute, kòmante, poze kesyon. Mwen p ap ezite reponn ou. -
Nan nimewo pòdkas sa a mwen pale de enpòtans espirityalite nan pwojè nou yo epi tou nesesite ki genyen pou yon kretyen envite Bondye nan pwojè li yo.
-
Nan nimewo pòdkas sa a mwen prezante w 6 aspè nan lavi a ou pa dwe neglije si w vle viv byen. Se yo ki pou ede w mennen yon vi ekilibre. San yon vi ekilibre ou p ap janm kapab viv byen tout bon vre.
-
Nan nimewo pòdkas sa a mwen pale de nesesite ki genyen pou nou konsidere devlopman moun nan yon apwòch olistik. Yon apwòch ki konsidere moun nan nan tout dimansyon li. Byennèt fizik, mantal ak espirityèl