Afleveringen
-
Nan Epizòd 41 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pale de manman yo, de relasyon yo ak manman yo, de lanmou yo gen pou manman yo. Yon fason pwòp a yo menm pou onore tout MANMAN nan okazyon fèt dè mè! 💝
-
Yo toujou di ke liv lavi chak grenn moun sou planèt la se konbinezon de yon pakèt istwa.
Enben nan epizòd 40 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pataje kèk istwa pèsonèl sou lavi yo.
ENJOY!
-
Zijn er afleveringen die ontbreken?
-
Anpil fwa nan kilti lakay nou, nou tande moun kap di “Si ou fè oubyen pa fè tèl bagay… tèl bagay ap rivew“ dèfwa yo pa fè ankenn sans e dèfwa yo fè sans men pa gen ankenn jan ou ka eksplikel.
Nan epizòd 39 la, timesye yo te avèk Lex pou pataje kèk sipèstisyon ki make lavi yo, sila ke jiskaprezan yo pa konprann yo ak sila yo eseye mete yon eksplikasyon plizoumwen lojik dèyèl.
ENJOY epi sonje KILTI NOU AN RICH!
-
Epizòd 38 Tchilaks Podcast la ap pale de fiyansay ki se yon etap jounen jodiya ke 2 moun ki renmen dwe pase avan yo ale devan lotèl pou yo di lòt wi pou lavi.
Nan tan paran ak granparan nou yo, li te fèt yon lòt jan e menm jodia chak moun pèsevwa konsèp sa avèk opinyon diferan. Mesyedam yo te tou pataje istwa pèsonèl yo e yo te pase yon bon moman.
ENJOY!
-
Pou ou ka byen enjoy epizòd 37 la fòk ou al tande oubyen retande epizòd 33 a paske se sou li 3 FANM ki gen gwo enpak sou lavi respektif ti mesyeu yo ap reyaji AVÈK ti mesyeu yo.
Epizòd 33 a se youn nan TOP3 epizòd ki te resevwa plis feedback de zanmi podcast yo kidonk pandan ti mesyeu yo ak medam yo tap #TCHILAKS yo tou pwofite pote repons dirèk bay chak grenn moun ki te pran tan pou kite yon kòmantè.
ENJOY epi pase bon semenn!
-
Yon epizòd ki anrejistre anba linèt pou debat sou «EKLIPS» ki se yon kataklism ki pral pase nan mwens ke 24è detan aprè epizòd la soti.
ENJOY li epi ou menm ki pral gade eklips la, oubyen ou menm tou ki pa pral gade’l men ki ap nan zòn eklips la ap pase a, PRAN PREKOSYON sa mande yo paske se mèt zye ki veye zye!
-
Aprè yon party, ti mesye yo te chita avèk yon pakèt pakèt envite pou te pale de “AFTER PARTY”. 😜
Pawòl nou pral tande nan epizòd la te melanje e nap tou presize ke yo pa angaje ni podcast la, ni moun ki ladanl yo, TOUT blam nan se sou do ALKÒL!!! 😂
Enjoy!
-
Nou tout diferan sa se yon fè e paske nou diferan, sa fè jan nou renmen diferan, sa fè sa ki atire nou diferan e sa nou pa renmen tou diferan.
Menm nan kesyon chwazi patnè nou, nou chak gen preferans pa nou.
Chak moun gen yon lis bagay ki ka dekouraje yo lè yo wè yon moun ki a premyè vi, atire yo, se sa yo rele “RED FLAG” yo.
Menm jan an tou chak moun gen de bagay lè yo identify yo, li ajoute sou atirans inisyal la, se sa moun ki pale lang tonton sam nan rele “GREEN FLAG” la.
Nan epizòd 33 a, Ti mesye yo ak Lex e Gregor tap etale byen vit kèk bagay ki pou yo se red flags e kèk ki se green flags. (TOP 3)
Enjoy epi PA BLIYE lis chak mesye yo baze sou preferans PÈSONÈL yo!
-
Epizòd 32 a te chita sou yon tèm ke nou tout familye avèk li ki se: FASHION.
Nan epizòd sa, Tchilaks te akeyi Sebastien ki se yon jèn ki pasyone de fashion e ki gen rèv pou li kite anprent li nan sektè sila a. Li pataje depi kilè li atire pa fashion, kisa ki enfliyanse li ak tout projè li genyen ki pase deja ak sila ki gen pou vini yo.
Enjoy epizòd la kòm dabitid epi pa bliye tcheke travay Sebastien yo a pati de paj Instagram li.
-
Nan fè jouda sou rezo yo semèn sa, Lhee tonbe sou yon ti rechèch ki di anpil gason kap viv nan zòn Boston jije ke depi yo mennen yon Lady soti yo atann yo ke fi a pral oubyen ta dwe kouche avèk yo.
Rechèch sa pouse timesye Tchilaks yo gade zafè ki rele “first date “ la nan kilti pa nou an. Pandan yap pale de pwòp eksperyans yo, yap analize atant yon gason genyen lè li mennen yon fi soti pou premye fwa.
Anpil koze pale so ENJOY!
-
Nan kilti nou yo itilize tèm « GWÒG » la nan 2 konotasyon diferan. Youn pou dezinye bwason ki gen gwo to alkòl epi lòt la pou dezinye lè ou bwè twòp.
Nan epizòd sa, Johalex, Lhee ak LEX pataje gwòg prefere yo men SITOU pi gwo moman nan lavi yo kote yo te GWÒG.
Enjoy epi sonje pou ou TOUJOU bwè GWÒG ou ak moderasyon paske se mèt kò ki veye kò!
-
Epizòd 29 la se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap debat sou yon sitiyasyon kote yon gason tap bay madanm li yon pil ak yon pakèt manti initil. Sitiyasyon sila a tap fè ravaj sou tiktòk.
Li se yon istwa ki enteresan lè nou ap eseye konprann rezon ki te motive misye envante E bay manti sa yo, men tou jan dam lan rakonte istwa a jwe yon gwo wòl nan bote istwa a.
Enjoy reyaksyon ak opinyon ti mesye yo sou istwa a!
-
Moun fè sèks pou anpil rezon. Youn nan rezon sa yo e petèt sa ki pi enpòtan an: se LANMOU.
An efè, sèks se iltim fason 2 moun konn manifeste lanmou yo men entèpretasyon sèks varye de yon moun a yon lòt. Gen pou de moun li se yon senp zak fizik, genyen ki trouve li trè sakre. Sèl bagay ki evidan se ke pi fò moun dakò ke li bon anpil.
Lè nap gade relasyon ant de moun, kijan nou ka mezire enpòtans sèks?
Eben ti mesye yo ak Lex fè yon ti bat bouch sou sa nan epizòd 28 la.
Enjoy enjoy epi pa bliye: 1 korentyen 7 vese 4 -5.
-
Bolèt gen yon plas enpòtan nan kilti ayisyèn nan. Menm si bolèt la an swa se jis yon jwèt aza; lòt aspè ki antoure li yo, jan ayisyen konprann li a ka ede yon moun dekòtike kilti nou an fen e byen. Nou menm ayisyen nou konekte bolèt ak anpil bagay e pou nou li pa yon senp jwèt aza.
Nan epizòd 27 la, nou ap pale de tout bagay ki antoure bolèt la ak yon envite espesyal ki se Papi Constant. Li leve jwenn papa li kap jwe bòlèt, li jwe bòlèt e li te menm travay nan sektè a, kidonk eksperyans li sa yo pral ouvè je nou sou anpil bagay pandan lap rakonte istwa li.
Enjoy
-
Devlopman entènèt nan dènye ane yo kreye anpil opòtinite ak avantaj pou biznis men anpil aspè rete flou sou transfòmasyon digital yon biznis e kijan pou optimize’l.
Nan epizòd 26 la, Jerry Louis-Jeune ki se yon ekspè nan domèn digital la ap ede nou konprann kisa ki vrè definisyon biznis dijital, kisa li mande pou mete youn sou pye e kijan ou ka fèl ede mete biznis la sou chimen siksè.
Kesyon sa yo ak anpil lòt ap jwenn repons nan epizòd la.
Gen anpil pou aprann kidonk KOUTE JISKOBOU!
Enjoy 😊
-
Job lapolis nan tout peyi se proteje ak sèvi, men souvan, rankont avèk lapolis pa konn fini byen. Nan dènye ane sa yo, altèkasyon oubyen fatalite ki konn soti nan rankont avèk lapolis toujou okipe yon plas enpòtan nan nouvèl.
Nan epizòd jodia te timesyeu yo pral rakonte tout eksperyans ke yo fè avèk lapolis jiska jounen jodia. Epizòd la ap yon jan spesyal paske se istwa pèsonèl yo kote ke yo te ka pran kòd e menm ka rive gache avni yo. Yo espere ke nou menm kap tande ava jije eksperyans yo fè yo men tou ap kapab tire leson ki ka ede nou menm oubyen yon pwòch nou eppdownDospi devan.
Enjoy 😊
-
« Fè MIZIK » ka ilistre yon moun ki ap tande mizik, yon moun ki ap jwe yon enstriman oubyen ap chante; anpil fwa nou pa mete moun ki ap ekri tèks mizik yo nan lis la.
Nan epizòd 24 la, Tchilaks podcast te gen lonè akeyi Guerby ki se yon jèn talan ki, pou kounya, plis fokis sou produi mizik, ekri bèl tèks ak melodi. Li te pase tchilaks avèk ti mesyeu yo epi yo te tou profite debat sou pakou li, eksperyans li ak projè li genyen ki pi pwòch yo.
Si ou pat ko konnen li, fè konesans avèk li a travè epizòd sa e si ou te konnen li deja, vin aprann yon tikal plis de li.
ENJOY!
-
12 Janvye 2010 - 12 janvye 2024
Sa gentan fè 14 lane depi yon tranblemanntè te fè gwo dega an Ayiti.
Jou sa kite yon sikatris lakay chak moun ki te viv katastwòf sa de prè ou de lwen.
Nan epizòd jodia ti mesye yo ap fè yon retounen sou jou sa e kijan yo te viv li.
Tchilaks ap salye memwa tout sila yo ki ale yo ak kouraj sila yo ki jwenn fòs avanse malgre jan katastwòf sa te afekte yo.
12 Janvye 2010: NOU TE LA, NOU TE WÈ e NOU PAP JANM BLIYE!
-
Nouvèl an se toujou yon chans pou rekòmanse, yon okazyon pou chak moun pou yo remete fokis sou objektif yo genyen pou ane a oubyen pou rès lavi yo. Se sak fè depi premye Janvye rive, anpil rezolisyon toujou pran.
Malerezaman statistik yo montre ke anpil nan rezolisyon sa yo pa janm depase mwa Janvye a e ke se sèlman 9% moun ki arive kenbe rezolisyon yo te pran yo pandan tout ane a.
Nan epizòd 22 a, ki se premye epizòd Tchilaks pibliye pou nouvèl ane 2024 la, ti mesye yo panche sou tèm rezolisyon an, egzèsis pran rezolisyon an, ki enpotans li, kisak fè anpil pa dire e kijan yon moun ka korije sa.
Enjoy life epi pa bliye li enpòtan pou ou fè egzèsis sa pou avansman ak devlopman pèsonèl ou!
BÒN ANE 2024 a tout fidèl oditè TCHILAKS PODCAST e a tout moun ki sipòte e ede nou nan yon fason oubyen yon lòt.
P.S. Premye moun ki li tout tèks sa epi voye #mwenlil nan DM Tchilaks la sou IG avan epizòd 23 a record ap jwenn yon kado nan men #Lhee.
- Laat meer zien