Afleveringen
-
Nan epizòd jodia Dj Thyz ak Vlex Vibez rejwenn “show” a pou pale sou tout aspè ki genyen nan pwofesyon DJ a.
Anpil moun toujou panse se yon travay ki fasil, men nan epizòd 74 la nou pral dekouvri se yon bagay ki vrèman konplike. Li mande pou DJ a kontwole anpil bagay an menm tan.
Ti mesye yo dekòtike tout bagay sa yo e plis.
ENJOY!
-
Dimanch ki te 19 Janvye a itilizatè platfòm Tiktok yo nan peyi Etazini te leve jwenn aplikasyon an pa fonksyonèl.
Malgre yo te gentan anonse ke Gouvènman an te pran desizyon pou bani platfòm nan, sa pat anpeche nouvèl la fè gwo tole.
Sitiyasyon an pat dire. Douz è detan aprè, nouvo prezidan an te gentan leve banisman an.
Nan epizòd jodia, ti mesye yo voye yon koud je epi analize nouvèl sa a.
Ansanm ak El Jeffe, yo gade poukisa desizyon sa a te pran, men tou “ekonomi” ki genyen dèyè Tiktok ki fè nouvèl banisman an te fè tout pale anpil sa.
Gen anpil bagay ou menm oditè ak “auditeuse” (suivez mon regard 🤣) ka aprann nan epizòd sa.
Enjoy!
-
Zijn er afleveringen die ontbreken?
-
Lanmò Mika se yon gwo pèt pou endistri mizikal ayisyen an: NOU TOUT KLÈ SOU SA!
Se te yon atis prolifik ki te gen patisipasyon li nan anpil projè nan endistri a.
Depi lè lanmò li a, sa gen 2 zan rive jiskounya a, toujou gen lese frape ant fanmi Benjamin an ak madanm li sou kesyon eritaj li.
Dènye semèn sa yo bagay la te pran yon lòt nivo. Fanmi Benjamin an vle ke madanm Mika ba yo (remèt yo) dwa sou tout zèv atis la men madanm li kanpe an kwa kont sa.
Opinyon piblik la pataje sou koze sa e gen anpil lòt bagay ki pran lari tou.
Nan epizòd sa a 2 moun kay: Dodo ak Lex rejwenn timesye yo pou diskite sou dosye sa men tou gade, nan yon pwen de vi ki pi jeneral, enpòtans pou mayiaj oubyen biznis kap fèt ant zanmi/fanmi/koup byen regilarize.
Enjoy enjoy!!!
-
Roody Roodboy fè yon post sou instagram li pou li pale de bagay ke li te konn fè, aktivite li te gen chans fè e ki pa posib ankò a koz de konjonkti peyi nou: Ayiti.
Atis la di kijan nostalji sa yo ap manje'l pèsonèlman.
Post la te enspire tchilaks e se konsa Johalex ak Lhee te pran tan pou yo pale de nostlaji ke yo genyen e kijan lakay yo ak vèsyon Ayiti yo te eksperimante a manke yo.
Nan jou nap komemore 15em anivèsè tranbleman de tè ki te fe gro dega an 2010 la, ekzesis la vrèman: RAFRECHISAN!
ENJOY epizòd 71 lan e pa ezite fè nou konnen ki nostalji ke ou menn ou genyen.
-
Yon nouvèl ane PA KA e PA DWE kòmanse ak dèt te fèt nan ane ki pase a‼️😅
Se rezon sila ki fè nou te jije bon ke premye epizòd nou dwe anrejistre pou 2025 lan te dwe epizòd BONUSSE la 😇
ENJOY li pandan ekip Tchilaks la ap remèsye e reswete fidèl odyans li an yon Bòn Ane 2025 e pwomèt li plis plezi ke 2024! 🥳
NOU RENMEN NOU! 🫶🏾♥️🫶🏾
-
Epizòd 70 la se dènye epizòd ki anrejistre nan ane 2024 la e se premye epizòd ki pibliye an 2025.
Ladanl ti mesye yo ak 2 envite spesyal fè yon ti rale mennen vini sou ane 2024 la ak yon ti pwojeksyon sou rezolisyon pou 2025 pandan yo tou pwofite swete TCHILAKSFAM♥️ lan yon:
BÒN ANE 2025 🎉 ak yon BÒN FÈT ENDEPANDANS 🇭🇹
-
Pou fen ane, TCHILAKS kanpe an mòd PYE POUDRE!
Kidonk se pap yon sipriz lè nou aprann ke epizòd 69 la record nan yon RV ke nou ka rele yon kay mobil an kreyòl. Se Jean Luc, CEO-Fondatè SAKAPFÈT BOSTON, ki te akeyi nou pou eksperyans sa a.
Sa ki rann epizòd sa spesyal se premyèman sijè a deside a lenprovis, a la dènyè minit men alafen nou manyen plizyè lòt topik e dezyèmeman; yon lapli kòmanse tonbe san kanpe e kòm kay mobil yo fèt an metal, nou ka tande bri chak gout dlo kap tonbe, sa ki te bannou yon sansasyon kòmsi nou tap bay blag anba yon tonnèl lakay nou Ayiti pandan lapli ap tonbe.
Nou espere ke ou ap ENJOY epizòd la paske nou menm nou te enjoy record li pou nou!
-
Ane 2024 la nan dènye koub lan pou li fini!
Chak ane tout moun toujou fikse tèt yo nouvo objektif oubyen anvizaje fè dè bagay ke yo pot ko janm fè nan ane ki vini avan yo. Rezon dèyè fenomèn sa se pou mete piman nan lavi yo.
Nan epizòd 68 la, ti mesye yo ak LEX deside pataje avèk yon seri de nouvèl eksperyans ke yo viv nan premye 2 semenn mwa Desanm lan avèk TchilaksFAM♥️ lan.
ENJOY epizòd la epi sonje: LAVI KOUT 😇
-
.Semèn sa a Tchilaks tap fè TOURISM e te desann nan lakou TEXAS pou al vizite yon zanmi de long dat ni Johalex ni Thierry.
Kòm bon zanmi podcast la li te dakò pou pandan nou avèk li nan vil San Antonio a pou nou te tou fè yon ti bat bouch sou koze sou vwayaje ak al vizite lòt kote, sa yo rele tourism la.
Nan konvèsasyon an nou te pale de tourism lokal, tourism entènasyonal. Chak entèvenan yo tire nan eksperyans pa yo epi pale de tout byenfè vwayaje genyen daprè yo.
Enjoy epizòd 67 la ak kokennchenn envite ki ladanl lan.
Nou pap di twòp men te gen emosyon!
-
Lè relasyon ant 2 moun ap grandi, matirite 2 moun yo e sitou matirite relasyon an vin kapital.
Definisyon yon relasyon ki gen matirite se yon relasyon ki gen respè mityèl, respè limit lòt, kapasite pou koup la rezoud gwo konfli san kraze brize, etc.
Jodi a sou yon panèl ki plen kou ze ak anpil envite espesyal, ti mesye Tchilaks yo chita pale sou matirite nan relasyon. Anpil pwen debat e sitou anpil nan envite yo itilize relasyon pase e prezan pa yo kòm egzanp.
Gen anpil bagay pou aprann, gen anpil koze pou tande so Enjoy!
PASE BÒN SEMÈN! 🫶🏾
-
POTO se sijè epizòd 65 lan e li soti de yon fidèl oditris podcast la. 🫶🏾♥️
Nan epizòd la, timesye yo ak Cedrick rakonte istwa kote yo te pran e te bay POTO. Ki reyaksyon lè yo pran poto e ki rezon ki fè yo bay poto. 😅
Enjoy!
-
Epizòd "Bonuce" la se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke zanmi fidèl podcast la kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 64 la.
Se fason pa nou pou nou toujou raple ou ke nou TOUJOU li e apresye chak grenn feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.
Nou RENMEN nou! ♥️
-
Lè 2 moun deside ini yo, li jeneralmann vle di ke fanmi 2 moun sa pral fè “kolizyon”. Paran chak moun yo souvan fè pati de moun ki pi enpòtan e ki gen plis enfliyans sou koup la, sa vle di relasyon ki pral devlope AK boparan yo men tou ANT boparan yo enpòtan anpil.
Nan epizòd 64la ti mesye yo ak 2 envite spesyal chita pale sou enpòtans men tou diferan aspè ke relasyon sa yo ka genyen.
Yo fè yon bèl deba sou kijan relasyon ak boparan ka “make or brake“ yon koup.
Enjoy!
-
Si ou pat konnen, Madi kap 5 Novanm 2024 la pral gen eleksyon jeneral nan peyi Etazini.
Nan okazyon sila a ti mesye yo fè yon ti bat bouch sou egzèsis al vote a.
Jan nou ka imajine, yo fè paralèl ant jan koze vote pase nan Etazini ki se kote yo ap viv ak Ayiti ki se kote yo grandi.
Yo pale de eksperyans pèsonèl yo - ki pa rich - men tou de pwendvi yo sou koze sifraj inivèsèl la.
Lè ou fin tande e enjoy epizòd la pa bliye ranpli devwa sivik sa a.
Egzèsis vote a se yon dwa ke predesesè nou yo te goumen pou nou genyen jodia e anpil nan yo te peye pri a ak lavi yo men tou, se yon devwa ki enpòtan paske se youn nan zouti ke ou genyen pou ou mete ti dizon pa ou nan efò pou sosyete an avanse!
Pase bòn semèn!
-
Youn nan pi gwo anons pou fen dane 2024 la se bal Carimi ki pral fèt nan lakou Nouyòk la. Anons sa fè deba nan mitan ni moun ki fanatik ni moun ki pa/pat fanatik djaz la. Gen de moun ki toujou gen yon gou amè nan bouch yo akoz senp fèt ke nèg yo te kite djaz la kraze, gen de lòt moun se fatalite ki te pase nan premye bal reyinyon yo te òganize an.
Thierry kòm fanatik djaz la fè yon ti bat bouch ak Johel ki pa fanatik limenm sou dosye sila a.
ENJOY!
-
Doubstanda nan mitan 2 antite kèlkonk toujou kreye deba. Youn nan pi gro doubstanda nou konnen se sila ki ant gason ak fi e nan epizòd 61 an timesye yo akeyi Lex ak Jefferson pou eksprime/debat/rakonte jan yo konprann e viv fenomèn sa nan pwendvi GASON.
ENJOY epi sonje doubstanda nan mitan 2 antite PA VLE DI youn nan antite yo siperyè oubyen enferyè ak lòt la, se jis yon diferans nan jan sosyete a defini epi jije menm aksyon 2 antite sa yo ta poze.
-
60 epizòd deja! 🥳
Pou selebre sa kòmsadwa avèk fidèl oditwa yo an, Johel ak Thierry debat sou 6 pi gwo RIVALITE ki make lavi yo.
ENJOY!
-
Dosye atis ameriken "P.Diddy" ap fè aktyalite depi kèk tan men semenn sa yo, li jayi sou rezo sosyo yo ak plis fòs akòz yon seri de nouvo detay ke envestigasyon otorite konsène yo kòmanse ap devwale.
Se yon sijè ki oze e chokan men timesye yo ak envite yo: Sebastien ak Jefferson eseye debat li ak maksimòm prekosyon ke posib. Prekosyon pou pa tromatize moun ki pral tande men tou, prekosyon pou yo pa fè difamasyon sou moun tou; paske tout sa ki di nan epizòd la se selon enfòmasyon ki piblik sou entènèt la.
Enjoy epizòd la epi sonje ke depi ou ap sibi abi oubyen ou okouran de yon abi kap fèt sou yon moun kèlkonk se yon DEVWA ou genyen pou ou rapòte'l bay moun ki ka frennen abi sa.
-
Aprè anpil anpil tan medam yo resi peye Tchilaks yon vizit!
Nan epizòd 58 la, Tchilaks gen 2 “invitée”: Dodo ak Newslie ki deside pataje avèk odyans lan lanmou yo genyen pou kuizin.
Nan ti pale sa yo pral wè avèk nou kibò lanmou sa a pran rasin men tou kijan manje jwe yon wòl pivotal nan relasyon yo genyen ak moun ki nan antouraj yo.
Sa a ak anpil lòt bagay diskite sou panèl la. Jan yo di chimen kè gason se nan lestomak li eske nou panse medam yo konn itilize strateji sa a? Eben branche pou nou jwenn repons lan.
Enjoy
-
Nan epizòd 57 la, timesyeu yo te akeyi Greg aka El NIÑO pou pale de reyalite li ki se reyalite yon jenn gason ki fèt Ayiti men ki leve kay vwazen Dominiken nou yo depi lè li gen mwens ke 3zan daj.
El Jeffe te sou panel la tou pou fè pon ant Greg ak mesyeu yo paske li te fè yon ti tan ap viv nan Repiblik Dominikèn tou.
Enjoy epizòd la gen anpil pou aprann ✨
- Laat meer zien