Afleveringen
-
Nan epizòd 57 la, timesyeu yo te akeyi Greg aka El NIĂO pou pale de reyalite li ki se reyalite yon jenn gason ki fèt Ayiti men ki leve kay vwazen Dominiken nou yo depi lè li gen mwens ke 3zan daj.
El Jeffe te sou panel la tou pou fè pon ant Greg ak mesyeu yo paske li te fè yon ti tan ap viv nan Repiblik Dominikèn tou.
Enjoy epizòd la gen anpil pou aprann â¨
-
Epizòd 56 la enspire pa skandal ki tap fè bri semèn pase a sou swadizan imigran Ayisyen ki ta ap manje kana, chat/chyen moun nan vil Springfield nan State Ohio, se tou yon chita pale ant Jean Luc, Thierry ak Johel; 3 imigran nan USA; sou kijan yo wè ak konprann konsèp imigran an nan lakou USA.
Enjoy epi sonje IMIGRAN gen yon enpòtans pou USA ke anpil moun pap admèt ouvètman men ki REYĂL!!!
-
Zijn er afleveringen die ontbreken?
-
Epizòd â BAUNUCE â la se yon spesyal dedikas pou tout zanmi podcast la ki kite plis pase 100 kòmantè/feedback pou nou anba epizòd avan yo.
Nou pase sou CHAK GRENN nan yo yon fason pou nou redemontre apresyasyon ak gratitid nou anvè zanmi sa yo men tou, a tout oditè/oditris podcast la.
ENJOY!
-
Resaman Johel viv yon eksperyans kote yon moun tap prezante li bay yon lòt moun epi ba li tit âAtisâ.
Menm si li di li pa yon atis men sa te enspire li epizòd jodi a kote Lhee ak Lex (ki tounen egenn ankò) tap pale sou definisyon tèm atis la epi ale an pwofondè sou lavi yon moun ki atis selon yo.
Anpil bagay pale e atis Jojo byen depoze. đ
Nou espere nou enjoy epizòd la epi:
PA BLIYE nan je Tchilaks, se oumenm oditè ki ATIS la! đŤśđž
-
đ Nou te mande sijè oze, eben Lex, Johalex ak Thierry fè yon brase lide sou on itilizasyon "sex toy" nan epizòd 54 la.
Malgre se on sijè tabou nan sosyete nou an, nou pran libète eksplore tout aspè nan kesyon posede sex toy ak akseswa seksyèl yo. Ki itilite yo, preferans, tip, kalite, gwosè, elatriye. Kisa ki pou nou e selon nou akseptab oubyen depase limit.
BTW, atansyon! Toy se toy, ekipman se on lòt bagay đ¤Łđ
-
Nan epizòd 53 a, ti mesyeu yo te chita avèk Pouchon aka Mr JEAN, yon zanmi podcast la ki tap pataje istwa li ak yon projè "MONSIEUR JEAN BAR & GRILL" ke li cheri pandan plis pase 7 lane e ke li arive mete nan yon nivo ki ka sèvi egzanp pou tout moun ki ap lanse yo oubyen deja entegre sektè antreprenarya an Ayiti.
TCHILAKS koube li byen ba devan efò ak sakrifis ke TOUT ekip MONSIEUR JEAN an poze deja e ap kontinye poze pou amelyore sektè lwazi lakay nou Ayiti.
-
Epizòd 52 a gen kòm tit "Dezyèm MITAN'' e li baze sou rimè ki fè konprann ke Jennifer Lopez ak Ben Affleck gentan ap divòse aprè ke yo te eseye viv ansanm yon premye fwa yo kite (Premye MITAN) epi yo vin retounen ansanm apre 17 lane.
Se yon rimè jouk jounen jodia malgre gen anpil ti siy ki te ka pwouve ke bagay la gate tout bon, men ak tout respè sa mande ti mesye Tchilaks yo te pase sou relasyon yo an pou fini pa manyen ka kote yo menm tou yo te jwe dezyèm mitan ak yon moun nan vi pèsonèl pa yo.
Enjoy!
-
Epizòd 51 Tchilaks Podcast la te gen El Jeffe ak Kiki ki tap debat sou  Mete Designer .
Pou kèk moun, mete designer se fè djòlè; pou kèk lòt moun, mete designer se envesti nan bon kalite ak dirabilite e wap jwenn lòt moun tou ki ka pran fenomèn sa a nan fason pwòp a yo menm.
Enjoy!
-
Tchilaks Podcast gentan gen 50 epizòd! Se yon fyète pou nou e nan lide pou nou pataje santiman sila a ak fidèl oditè/oditèz nou yo nou anrejistre epizòd la pandan nap pataje top 3 fyète ak regrè nou genyen jiska jodiya.
Se yon egzèsis ki trè efikas pou ede yon moun asime erè epi apresye eksplwake li te fè nan pase li.
Nou espere wap ENJOY li menm jan nou te pran plezi anrejistre li pou ou!
#Tchilaks50
-
Prezante yon moun ou avèk li lakay paran'w oubyen fanmi'w se toujou yon gwo etap nan yon relasyon. Lè sa fèt se konn siy ke relasyon an pral pran oubyen pran yon faz ki pi serye.
Nan epizòd 49 la, sou demand esepsyal youn nan oditè fidèl Podcast la, ti mesye yo pral debat sou sijè sa a. Yo pral abòdel selon pwendvi gason e evidaman yo pral pran egzanp sou lavi pa yo.
Men bagay sa a se pa yon syans, pa gen yon repons fiks e kondisyon yo ka varye selon sitiyasyon yo.
Nou espere ke ou menm kap koute a ap ENJOY!!
-
Anpil fwa nou sèlman fokis sou zèv ak talan atis nou yo, san nou pa janm pran tan pou plonje nan pase yo pou dekouvri pakou yo, kote yo soti, obstak yo te rankontre nan wout yo, kisa ki te enspire yo lè yo tap demare, kisa ki te ede yo pa abandone pou yo ka rive kote yo rive jounen jodia.
Nan epizòd 48 la nou te gen lònè resevwa Moumoune (fan #1 Tchilaks Podcast) ki pratike penti ak ekriti sou non MLF Desgrottes ki tap etale pakou atistik pèsonèl li avèk nou.
Se te yon bèl konvèsasyon via telefòn kote Johel ak Thierry aprann anpil de li e nou espere ke anpil moun ki, menm jan ak li, gen yon talan atistik va jwenn motivasyon ak enspirasyon pou devwale li/yo ak le monn.
Enjoy!
-
Epizòd bonus sa se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke anpil nan nou te kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 47 la.
Se fason pa nou pou raplew ke nou TOUJOU li e apresye feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.
Nou RENMEN nou! âĽď¸
-
Nan sosyete pa nou, nou toujou tande moun kap di âtifi ak ti gason se gaz ak alimèt â.
Se yon fason pou di ke lè gason ak fi twò pre youn lòt li ka kreye đĽ.
Ăske sa vle di gason ak fi paka zanmi? Oubyen sa vle di yo pa ka bon zanmi?
Nan epizòd 47 la Tchilaks ap debat sijè sa ak 2 gro tonton envite: Nick epi Georgy!
Pandan yo itilize pwòp eksperyans pa yo, yo pral bay pwendvi yo sou sijè a.
Enjoy
-
TCHILAKS GEN 1 ANâźď¸đđ
Epizòd 46 la se sòm tout repons a tout kesyon nou menm nan oditwa a te poze nou!
A chak grenn moun ki te voye kesyon: MĂSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!
A chak grenn moun ki toujou branche: MĂSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!
A chak grenn moun ki pral koute epizòd 46 la: MĂSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!
#TchilaksFamily
-
33 lane se yon laj anpil ayisyen wè ak yon je diferan.
Lè yon moun nan kilti nou an pral gen laj sa yo toujou atann yo ke yo pral pase yon ane difisil.
Rezon an pran rasin nan kwayans relijyez ke nou genyen. Gen anpil endikasyon ki montre se a laj sa a CHRIST te mouri e li te pase anpil mizè.
Nan epizòd 45 lan, ti mesye yo pral diskite de kwayans sa a avèk yon panel ki âBYEN RANPLIâ.
Se fason sa a nou selebre Lhee ki apèn soufle 33èm bouji li.
-
Blòdeu ak Bro se 2 tèm ki itilize anpil nan vokabilè gason. Se konsa yo kalifye gason parèy yo ki zanmi ki pi pwòch yo. Se vre ke dèfwa moun itilize tèm sa yo vaykevay men sa pa chanje ke, inisyalman, yon blòdeu, yon bro se yon gason ki kite stad senp zanmi pou yon lòt gason, yo vin tounen tankou frè.
Li pa yon sekrè pou pensonn ke gen règ nan mitan gason an jeneral, men dèfwa gen moun ki pa konnen si nan mitan blòdeu gen lòt règ ki vin ajoute an plis de règ jeneral ant gason sa yo pou vin mete yon disiplin an plis nan mitan 2 blòdeu oubyen nan mitan yon baz blòdeu.
Ansanm de règ sa yo anpil fwa yo relel BRO CODE oubyen PRENSIP BLĂDEU e yo konn varye de baz an baz e dèfwa se konn on seri de règ ke pèsonn pat chita pou etabli men ki jis la nan mitan baz la.
Nan epizòd 44 la, ti mesyeu yo ap debat sou sa e pataje kèk nan règ ki nan bro code pa yo.
ENJOY!!!
-
Nan lang kreyòl la djòskòm vle di yon moun ki fenk debake nan yon lòt peyi.
Anglisis sa (just come), malgre anpil moun souvan anplwaye'l nan yon sans negatif, defini nan anpil ka yon rekòmansman paske yon moun ki deside kite peyi li, lakay li, fanmi ak zanmi li pou li al etabli'l yon lòt kote gen bagay pou'l refè.
Ti mesye yo nan epizòd 43 pral pase sou tout bagay sa yo, pandan yo ap pataje pwòp eksperyans pa yo.
Yo espere ke ou menm kap tande ki nan sitiyasyon sa a ap kapab jwenn bon konsèy ki ka ede'w grandi oubyen rasire'w ke ou pa pou kont ou nan sitiyasyon sa a.
Enjoy!
-
ENJOY epizòd 42 a kote ti mesye yo te gen Kitty kòm envite pou debat sou relasyon LONG DISTANCE.
-
Nan Epizòd 41 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pale de manman yo, de relasyon yo ak manman yo, de lanmou yo gen pou manman yo. Yon fason pwòp a yo menm pou onore tout MANMAN nan okazyon fèt dè mè! đ
-
Yo toujou di ke liv lavi chak grenn moun sou planèt la se konbinezon de yon pakèt istwa.
Enben nan epizòd 40 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pataje kèk istwa pèsonèl sou lavi yo.
ENJOY!
- Laat meer zien